Apr 26, 2023

HB 1617/SB 1718 Florid: Enpak Ekonomik ak Fiskal Potansyèl

Heading

Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link

Pi ba a w ap jwenn estimasyon Florida Policy Institute (FPI) te fè sou enpak ekònomik ak fiskal CS/CS/SB 1718 ak CS/HB 1617

Pou fasilite lekti a, nou pral rele pwojè lwa sa yo « SB 1718 » ak « HB 1617 », paske p ap gen okenn lòt sibstiti komite pou prezante anvan vòt ki pral fè nan chanm nan. Poutèt langaj vag konsènan pwovizyon vèsyon Sena a ak Chanm Reprezantan yo, ki idantik depi 26 avril 2023, estimasyon sa yo gen chans pou yo souzestime vrè enpak yo pou rezidan, biznis, ajans etatik ak ekònomi Florid la. Kentucky te konsidere yon pwojè lalwa similè ki te rele SB 6B nan ane 2011 la. Komisyon Rechèch Lejislatif li a te detèmine ke enpak fiskal yo te vas epi yo pa t ka kantifye ; pwojè lalwa a pa t reyisi alafen. Analis FPI yo te itilize done ki te disponib piblikman pou founi estimasyon konsèvatè sa yo ak enplikasyon sosyal SB 1718 ak HB 1617.

Seksyon 6 : Anplwa pou rezidan Floridan ki pa gen papye 

Toulede pwojè lalwa yo ta pral rann li ilegal pou nenpòt moun ta anplwaye, anbòche oswa rekrite yon moun pou yon anplwa piblik oswa prive si l konnen ke moun sa a pa gen otorizasyon pou travay selon lalwa federal imigrasyon yo–swa pou tèt li, swa pou yon lòt moun (pou langaj egzak la, gade Seksyon 6 nan nenpòt nan de pwojè lalwa yo). Si anplwayè yo pa konfòme yo ak lwa sa a, yo gen dwa sibi yon konsekans sevè :

  • Ranbousman de tout ensitasyon devlòpman ekònomik,
  • Yon peryòd pwobasyon de ennan avèk rapò trimestriyèl bay Depatman Opòtinite Ekònomik (DEO) a, epi
  • Yon penalite siplemantè si yon anplwayè fè yon dezyèm vyolasyon pandan yon delè dezan, ki ajiste an fonksyon de kantite travayè ki san papye yo.1

Anplis sa a, nenpòt travayè ki itilize yon fo dokiman pou yo ka anboche l ta kondande koupab de yon krim twazyèm degrè, ki gen dwa fè l pran yon amann 5 000 dola oswa senkan de prizon. Li gen dwa pa rezònab pou asime ke pifò moun ta va peye amann 5 000 dola a olye ke l pran pèn prizon an, paske sa egale preske 10 pousan nan revni medyàn anyèl yon fanmi nan Florid. Anpil imigran san papye touche mwens pase travayè ki fèt Ozetazini ak sa ki natiralize yo, kidonk revni ki sòti nan chaj ki fèt anba pwovizyon sa a gen dwa pa reponn ak egzijans eta a.

Seksyon 7 : Verifikasyon anplwa (konni sou non Itilizasyon sistèm E-Verify la)

Toulede pwojè lalwa yo ta va egzije antrepriz yo pou verifye elijibilite anplwa pou chak nouvo anplwaye nan yon delè twa jou ouvrab aprè l kòmanse travay. « Sistèm E-Verify » la se yon sistèm baze sou entènèt ki opere pa Depatman Sekirite Domestik Etazini an epi ki pèmèt anplwayè yo verifye si yon moun gen otorizasyon legal pou travay nan peyi a.2

Sistèm sa a deja egzije pou anplwayè piblik yo ; pwojè lalwa sa a ta va egzije verifikasyon an tou pou anplwayè prive ki gen 25 anplwaye oswa plis pase sa a. Penalite adisyonèl yo te siprime nan pwojè lwa orijinèl ki te pwopoze nan chak chanm palman an, men gen yon pwovizyon enpòtan ki rete : 

  • Si eta a detèmine ke yon anplwayè pa t resi itilize E-Verifye nan omwen twa okazyon separe nan yon espas dezan, DEO a ta va gen bezwen pou fè anplwayè a peye yon amann 1 000 dola chak jou epi pou sispann tout lisans komèsyal aplikab jiskaske anplwayè a founi yon prèv ke l konfòme l ak lwa sa a.

Sa a gen dwa koute ekònomi Florid la 12,6 milya dola nan yon espas ennan, ki ta va gen yon gran enpak sou tout ekònomi eta a.3

Tandiske egzijans sa a pa aplike pou ansyen anbòch ak anplwaye k ap travay deja, penalite fiti yo gen dwa pouse rezidan Florid ki pa gen yon eta imigasyon dokimante pou yo pa patisipe nan chan travay la. 

Endistri ki ta va sibi pi plis enpak parapò ak egijzans E-Verify yo

Sis sektè ki ta va sibi plis enpak reprezante pi gran sektè pou anplwa pou travayè san papye nan Florid : (1) Konstriksyon ; (2) Sèvis pwofesyonèl, syantifik, jesyon, adiministratif ak jesyon dechè ; (3) Sèvis lòjman ak manje, boza, lwazi ak rekreyasyon; (4) Komès detay ; (5) Lòt sèvis ; ak (6) Agrikilti

  • Sektè ki nonmen pi wo yo anplwaye 391 000 travayè san papye, ki reprezante preske 10 pousan de anplwa nan sektè sa yo. 
  • Travayè san papye yo te touche 12,6 milya dola pou salè pa yo nan sektè sa yo an 2019 (ki gen pi bon done pou ane resan yo, poutèt pwoblèm kolèk done pandan COVID-19).
  • Estimasyon yo montre keimigran ki pa gen papye dpeanse 7,3 pousan nan revni yo a pou peye taks yo, epi yo te kontribye preske 923 milyon dola nan taks etatik ak lokal yo nan ane 2019 la sèlman.

Sis sektè sa yo te reprezante 25 pousan nan pwodwi enteryè brit (PIB) Florid nan lane 2019 la, ki vle di yo te pwodwi 275 milya dola. 

  • San travayè san papye yo, anplwayè nan sektè sa yo ta va pèdi 10 pousan nan mendèv yo a ak salè ke travayè sa yo kontribye tou. Kòm rezilta, PIB Florid la te gen dwa bese pa 12,6 milya dola nan yon sèl ane, swa 1,1 pousan. Si nou redwi pouvwa dacha travayè sa yo, revni taks eta ak lokal yo pral desann tou.
  • Sityasyon sa ta gen yon gran enpak sou youn nan sektè ki pi enpòtan nan eta Florid — Agrikilti, pwodiksyon bwa, lapèch ak lachas — paske ekspè yo estime ke travayè san papye reprezante 47 pousan nan mendèv sektè sa a. Sektè agrikòl Florid la ta pral fè fas ak gwo defi an patikilye, paske pwodiktè yo ta pral oblije chache moun pou okipe pòs vakan nan zòn ki izole sou pwendevi jewografik, epi poutèt sa a, gen anpil travayè etranje ki okipe pòs sa yo. Aprè eta Jòji te pase yon lwa sou E-Verify nan 2011, yon sèl pwodiktè te wè 300 nan travayè agrikòl li yo kouri kite l, epi li te estime ke sa ta pral fòse l pou l « abandone anviwon 25 pousan nan 39 kawo tè li yo, epi l ta pral pèdi anviwon 250 000 dola pandan sezon [sa a]. »

Egzekisyon politik sa a pral koute lajan epi l ap difisil anpil

  • Nan moman sa a, DEO pa gen yon seksyon aplikasyon politik ki efikas, epi l ap oblije asime depans pou kreye pòs travay epi aplike pwovizyon ki nan seksyon sa a, epi tout sa a pral koute anpil lajan.
  • Pwoblèm ki egzijste nan sistèm nan koute chè. CATO Institute la te twouve ke nan eta ki egzije E-Verify yo, anplwayè ak anplwaye yo « ap inyore lalwa sa a anpil. » Menm nan eta ki aplike lwa pa yo nan yon fason ki pi sevè pase sa HB 1617/SB 1718 ta pral egzije, sèlman lamwatye nan anplwayè yo aksepte oswa nan mezi pou yo swiv lalwa a.
  • Poutèt erè ki genyen nan baz done leta a ki sipòte E-Verify, sistèm nan gen dwa rejte yon sitwayen Etazini oswa yon lòt moun ki gen otorizasyon legal pou travay nan peyi a. Baze sou to erè sa yo, FPI estime ke 11 053 travayè nan eta Florid la te gen dwa resevwa yon desizyon pa erè.4 Anplis sa a, imigran ki gen papye ak rezidans (rezidan pèmanan legal yo) gen 27 ak 4 fwa plis chans, respektivman, pou yo sibi yon erè E-Verify pase yon sitwayen Etazini. Kòm rezilta, konpayi yo pral anboche travayè, verifye yo nan sistèm E-Verify la, epi aprè yo pral oblije revoke yo rapidman oswa y ap riske sibi yon penalite oswa yon amann anplis. Lè gen anpil wotasyon nan mendèv la, sa a koute chè pou yon biznis tou. 

Seksyon 10 : Trafik moun

SB 1718 ak HB 1617 defini « trafik moun » kòm nenpòt moun ki fè eksprè pou transpòte yon moun san papye antre nan eta a, ki te konnen oswa ki « te sipoze [konnen] sou yon baz rezonab » eta imigrasyon moun nan. (Gade Seksyon 10 nan toulede pwojè lwa yo pou w ka jwenn langaj egzak la.) 

Senaryo kote yon rezidan Florid te ka sibi yon kondanasyon kriminèl

Toulede pwojè lwa yo ta va fikse pinisyon ki detaye pi ba yo pou yon moun ki fè eksprè pou transpòte yon moun ki san papye antre nan eta Florid la5 :

Senaryo 1: Krim twazyèm degrè pou premyè ofans yon moun, ki te transpòte mwens pase senk imigran. 

  • Yon krim separe pou chak imigran san papye moun nan te transpòte 
  • Yon amann jiska 5 000 dola (olye yon pèn prizon) oswa senkan an prizon pou chak moun li te transpòte 

2yèm senaryo: Krim dezyèm degrè  (pinisyon yo gen dwa konprann yon amann jiska 10 000 dola [olye yon pèn prizon] oswa 15 lane an prizon) pou nenpòt moun ki :

  • Komèt senaryo 1 yon dezyèm fwa
  • Transpòte omwen senk moun san papye pandan yon « sèl epizòd »
  • Transpòte yon timoun san papye (ki gen mwens pase 18 lane) antre nan eta a

Dapre pwojè lwa yo, yon moun ki sibi arestasyon poutèt « trafik moun » dwe rete ogadavi jiskaske li mennen devan yon tribinal pou yo admèt li nan liberasyon kondisyonèl anvan pwosè a.

Kou potansyèl anprizònman an

Egzekisyon lwa sa a pral koute eta a ant 152 000 ak 481 000 dola pou chak moun ki kondane, an fonksyon de tip de krim li kondane a.6

  • Krim twazyèm degrè– ta va koute Depatman Koreksyon yo jiska 152 000 dola pou aprizonnen chak moun, oswa 129 000 dola si yo sèvi 85 pousan nan pèn yo a.
  • Krim dezyèm degrè– ta va koute Depatman Koreksyon jiska 481 000 dola pou anprizonnen chak moun, oswa 408 000 dola si yo sèvi 85 pousan nan pèn yo a.

Gwoup ki gen plis chans pou sibi yon enpak parapò ak yon lwa sou trafik moun

Anpil rezidan Florid te ka kondane de « trafik moun » nan kad pwovizyon ki dekri nan SB 1718/HB 1617 ki manke presi epi ki ka jeneralize nan anpil ka. Menm si li enposib pou evalye tout enpak potansyèl yo, FPI nan estimasyon li a te endike de (2) gwoup ki gen plis chans pou yo sibi yon enpak. Vèsyon orijinèl chak pwojè lwa ta pral gen yon enpak sou anpil rezidan Florid anplis, kidonk estimasyon sa a ki pi limite reprezante yon gran amelyorasyon.

Koup marye

Jiska 130 000 imigran san papye se konjwen sitwayen Etazini nan eta Florid. Yon konjwen ki fèt Ozetazini gen dwa riske pran jiska yon krim twazyèm degrè poutèt yo te transpòte mari oswa madanm yo lè y ap sòti nan eta a pou rantre nan eta a ankò ansanm ak konjwen yo a. 

Travayè agrikòl ak konpayon vwayaj pa yo

Gen ant 150 000 ak 200 000 travayè agrikòl sezonyè ak imigran ki vwayaje (souvan ansanm ak fanmi pa yo) sòti nan lòt eta pou travay an Florid chak ane. Kòm nou te mansyonnen pi wo a, 47 pousan nan travayè agrikòl ak travayè nan lòt sektè lye yo nan eta Florid la pa gen papye imigrasyon legal.7

  • Nenpòt moun ki transpòte (pa egzanp, kondwi) youn nan travayè migran san papye sa yo pou antre nan eta Florid la — tankou yon manm nan fanmi l, yon zanmi l, anplwayè li oswa kolèg li — gen dwa pran yon kondanasyon kriminèl twazyèm degrè.
  • Li komen tou pou travayè agrikòl yo vwayaje ansanm nan ti gwoup lè y ap fè deplasman pou fè travay sezonye yo. Kidonk, si yon moun kondwi pou ale nan travay li avèk omwen senk travayè san papye menm yon sèl fwa, yo gen dwa chaje ak yon kondanasyon kriminèl dezyèm degrè

Pwogram Transpò Etranjè Non Otorize a pral koute 12 milyon dola anplis

Nan moman sa a, eta a pran 12 milyon dola nan enterè ke l resevwa nan men leta federal la pou retablisman aprè COVID-19 la pou « fasilite transfè etranje non otorize andeyò limit eta yo, » ki enkli kontra yo siyen ak konpayi transpò prive pou fè sa a. Malgre kolè ki genyen nan tout peyi a poutèt sa a, Palman an te rann inisyativ sa a pèmanan (« Pwogram Transpò Etranje Non Otorize a ») nan sesyon espesyal ane sa a avèk SB 6-B, ki se yon lwa kounyeya. 

Toulede pwojè lwa yo mande 12 milyon dola adisyonèl pou pwogram nan pou AF 2023-2024 la.8 Sible imigran — kèlkeswa eta imigrasyon yo a — epi detounen revni pou finanse pwogram sa a pa sèlman fè imigran mal, men li pa bon sosyete a nonplis.

Nòt

1Nivo yo fikse konsa : 1 jiska 10 travayè san papye, sispansyon tout lisans komèsyal pandan jiska 30 jou ; 11 jiska 50 travayè, sispansyon tout lisans komèsyal pandan jiska 60 jou ; plis pase 50 travayè revokasyon tout lisans komèsyal.

2Note byen ke sa a se yon elajisman de yon lwa sou E-Verify ki te deja pase nan sesyon 2020 an, SB 664. Anplwayè prive yo te gen yon dezyèm opsyon pou verifye eta anplwa a nan kad pwojè lwa sa a, ki te tounen yon lwa an 2021. SB 664 la te sèlman egzije anplwayè ki nan sektè piblik la pou itilize sistèm nan. Pwojè lwa sa a eseye elaji kad la pou egzije anplwayè sektè prive yo pou yo itilzie E-Verify la eksklisivman tou.

3Pou estime kantite rezidan Florid ki pa gen yon papye imigrasyon legal, FPI te itilize done ki sòti nan Migration Policy Institute (Enstiti sou politik migrasyon), baze sou analiz yo te fè de done Ankèt Kominotè Ameriken (American Community Survey, ACS) de Biwo Resansman Etazini an ki te konbine pou lane 2015 jiska 2019 la ak Ankèt Revni ak Patisipasyon Pwogram 2008 la (Survey of Income and Program Participation, SIPP), ponderize pou pran an kont estimasyon popilasyon imigran yo nan 2019 la ki te founi pa Jennifer Van Hook de Pennsylvania State University (Inivèsite Leta Pènsilvani). Aprè sa a, FPI te itilize done sou anplwa ak salè de Biwo Estatistik Travay Etazini (U.S. Bureau of Labor Statistics, BLS) pou detèmine kantite travayè ki genyen nan sis sektè diferan ki te founi salè total anyèl yo a. Si nou asime ke travayè san papye yo pa enkli nan done BLS yo, FPI te ajoute kantite travayè estime ki san papye nan mendèv global la. Aprè sa a, FPI a te divize salè anyèl total la pa nouvo efektif mendèv global la pou tabli yon to salè anyèl mwayèn (anviwon 30 810 dola) pou tout travayè yo atravè sis sektè yo, ki enkli sa ki san papye yo (sòti 17 701 dola pou sektè Agrikòl la rive 44 320 dola pou sektè Konstriksyon an). Rezilta sa yo parèy ak sa ki pibliye pa Enstiti sou Enpozisyon ak Politik Ekònomik (Institute on Taxation and Economic Policy, ITEP). Aprè sa a, avèk estimasyon IETP yo ki endike travayè san papye yo depanse 7,3 pousan nan revni yo a pou peye taks etatik ak lokal yo nan eta Florid, nou te miltipliye salè total estime nou yo pou travayè san papye yo (anviwon 12,6 milya dola) nan sektè sa yo pa 7,3 pousan, pou twouve yon estimasyon de 923 milyon dola nan kontribisyon ak taks etatik epi lokal yo. Yon limitasyon nan metodoloji nou an seke nou jije ke pa gen okenn travayè san papye ki te kontwole nan done BLS yo epi ke yo touche yon salè ki parèy ak lòt travayè.

4Pèfòmans E-Verify, AF 2022, disponib nan https://www.e-verify.gov/about-e-verify/e-verify-data/e-verify-performance. USCIS endike yon to non-konfimasyon pwovizwa pa erè (TNC) de 0,12 pousan. Nan moman sa a, gen anviwon 9 210 870 travayè ki anplwaye nan eta Florid la : https://www.bls.gov/oes/current/oes_fl.htm#00-0000. 0,12 pousan nan 9 210 870 travayè ki genyen nan eta Florid la egal anviwon 11 053 travayè.

5 Vèsyon orijinèl ki te prezante nan chanm palman yo ta pral enpoze yon penalite sevè tou sou moun ki transpòte imigran alenteryè eta a, ki ta pral mete yon gran kantite rezidan Florid ki pa menm ka mezire anba menas pou yo sibi yon kondanasyon kriminèl. Gade pyebwa desizyon de vèsyon Sena a de pwojè lwa a, anvan Palman an te limite kad pwojè lwa a.

6Pou kalkile yon kou estime, FPi te sèvi ak rezilta ki te pibliye 27 mas 2023 ki sòti nan Criminal Justice Impact Conference (Konferans Enpak Jistis Kriminèl la) ki te pibliye « DOC Per Diem and Bed Costs (Kou DOC jounalye ak pa kabann). » Yon kondanasyon kriminèl twazyèm degrè ka fè yon moun pran yon pèn kriminèl ki pa gen dwa depase senk ane. Se poutèt sa a, FPI te itilize kou operasyonèl konplè konferans lan pa prizonye pou AF 2022-2023 a atravè AF 2026-2027 la. Yon krim dezyèm degrè ka fè yon moun pran yon pèn prizon ki pa gen dwa depase 15 ane. FPI te itilize kou operasyonèl konplè konferans lan pa prizonye pou yon peryòd 10 ane ki kòmanse nan AF 2022-2023 epi ki tèminen nan AF 2031-2032 a. Pou pran an konsiderasyon 5 an adisyonèl yo, FPI te sèvi ak mwayèn pou peryòd dizan an (32 036 dola) epi yo te miltipliye kantite sa a pa 5.

7Gade nòt final nimewo 3

8Apati 26 avril 2023, Komite Konferans lan sou Transpò, Touris ak Devlòpman Ekonomik la ap konsolide diferans ki genyen ant òf bidjè Sena Florid la ak Chanm Reprezantan Florid la. Daprè liy 575 nan òf yo, Chanm Reprezantan an ak Sena a pòko defini yon kantite lajan pou « Pwogram Transpò Etranje Non Otorize a. » Sepandan, toulede pwojè lwa yo (gade seksyon 21 an) detounen yon « montan de 12 milyon dola nan Fon Revni Jeneral la … bay Divizyon Jesyon Ijans yo ki fè pati Biwo Egzekitif Gouvènè a pou itilize nan kad Pwogram Transpò Etranje Non Otorize a. »

Heading

This is some text inside of a div block.
Subscribe
This is some text inside of a div block.