Jan 28, 2020

Redwi baryè ki anpeche rezidan Florid ki gen yon kondanasyon kriminèl nan tan pase yo pou yo pa ka jwenn yon lisans pwofesyonèl

Heading

Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link

Rezidan Florid ki gen yon kondanasyon kriminèl deja fè fas ak gwo baryè lè y ap eseye chache travay. Règleman ki genyen kounyeya nan eta a rann Florid senkyèm eta ki pi difisil pou fè yon lisans pwofesyonèl nan tout peyi a, selon Enstiti pou Lajistis.[1]

Eta Florid la fikse twòp règ sou pwosesis pou jwenn yon lisans pwofesyonèl

  • Florid mete anpil règ sou plizyè pwofesyon, tankou bòs ki fè enstalasyon miray nan enteryè batiman, epi règleman sa yo pa egziste nan anpil lòt eta.[2]
  • An mwayèn, eta Florid la egzije plis lè fòmasyon epi yo enpoze fre ki pi wo pou yon moun ka elijib pou pase yon egzamen pou gen yon lisans, epi sa gen dwa tounen yon obstak finansyè pou moun ki te anprizonen yo epi ki gen fèb mwayèn oswa okèn mwayèn ekònomik.[3] 

Poukisa tout bagay sa yo enpòtan ?

Anpil rezidan eta Florid yo ki gen antesedan kriminèl pa gen aksè pou patisipe nan ekònomi Florid la. Onivo nasyonal, ansyen prizonye yo touche omwen 40 pousan anmwens ke moun ki pa t janm al nan prizon deja.[4]

Ki politik espesifik k ap anpeche moun ki gen antesedan kriminèl pou yo jwenn yon lisans pwofesyonèl ?

Lalwa Florid yo tonbe an jeneral nan de gran kategori : ba pèmanan ak peryòd diskalifikasyon.[5]

  • Ba pèmanan : Sa gen rapò ak moun ki te deja gen yon kondanasyon kriminèl premye degrè, yon krim kapital, yon krim ki gen rapò ak blanchiman lajan, yon krim rakèt, oswa yon krim ki gen rapò dirèk ak zafè sèvis finansyè. Sa a rete vre kèlkeswa ajidikasyon, admisyon kilpabilite, oswa kontestasyon nolo contendere.
  • Peryòd diskalifikasyon : Gen yon peryòd diskalifikasyon ki dire 15 an pou moun nan eta Florid la ki te kondane pou yon krim grav ki gen yon karaktè moral, tankou touye yon moun san premeditasyon, gwo vòl ak lasèn, paji, kase kay, vòl nòmal epi ekri chèk bankye ki falsifye ki gen yon montan enferyè ak $500. Peryòd diskalifikasyon 7 an gen ladan li tout krim grav ki ni pa oblije gen yon entèdiksyon pèmanan, ni tou yo pa gen yon peryòd diskalifikasyon de 15 an, ansanm ak tout krim minè ki gen yon rapò dirèk ak zafè sèvis finansyè. Men kèk egzanp, tankou antre nan tè prive, pozesyon dwòg, vant fe datifis, ak solisitasyon pwostitisyon.

Politik adisyonèl :

  • Bon karaktè : Règleman pou jwenn lisans nan eta Florid yo gen ladan yo yon dispozisyon sou "bon karaktè moral" ki bay konsèy lisans yo yon gwo kantite pouvwa pou yo ka jete kandida ki gen antesedan kriminèl sou baz karaktè moral pa yo.[6]
  • Amann ak fre tribinal yo : Tout kandida dwe peye tout amann, kou ak fre tribinal, epi peman restitisyon ki egzije pa tribinal yo anvan yo gen dwa resevwa yon lisans pwofesyonèl.

Èske gen kèk chanjman ki fèt ?

  • Leta a pa kapab refize yon demann sèlman sou baz antesedan kriminèl kandida a.
  • Konsèy yo pa gen dwa konsidere krim ki te fè plis ke senk an anvan demann nan te fèt pou kèk kategori krim byen detèminen.
  • Ajans ki bay lisans yo dwe afiche yon lis sou sit wèb pa yo ki montre tout krim ki te ka diskalifye kandida yo sou baz antesedan kriminèl pa yo.[7] 

Kiyès ki plis afekte ?

  • Moun ki Nwa epi Latino ; patikilyèman, gason Nwa ki gen yon antesedan kriminèl sibi yon efè ki bokou pi laj avèk sistèm règleman eta Florid la itilize pou bay lisans aktyèlman.
  • Nan lane 2016 la, preske 1 sou chak 3 rezidan Florid ki te fin sibi yon pèn pou yon yon kondanasyon pou yon krim grav sete yon moun Nwa.[8]
  • Ale nan prizon redwi kantite salè total yon gason blan pa 2 pousan, yon gason Latino pa 6 pousan epi yon gason Nwa pa 9 pousan.[9]

Ki rekòmandasyon rezònab ki genyen pou chanje sistèm nan ?

Lejislati eta Florid la ta dwe adopte rekòmandasyon sa yo :

  • Elabore epi mete ann aplikasyon kèk mekanis ki enfòme pa kolèk ak analiz done ki pou redwi kantite pouvwa komite ki bay lisans yo genyen pou yo itilize prensip "bon karaktè moral" kòm yon pretèks pou refize demann yon moun.
  • Redwi dire peryòd diskalifikasyon an pou kèk kategori krim ak deli ki pa vyolan epi ki pa gen yon lyen dirèk ak pwofesyon an. Pa egzanp, lwa eta Nouvo Meksik yo sèlman pèmèt diskalifikasyon pou krim ki gen yon aspè moral si yo gen rapò dirèk ak lisans lan.
  • Redwi kantite èdtan fòmasyon ak fre ki asosye pou tout pwogram fòmasyon teknik Depatman Koreksyon an ofri yo tankou bòs cheve, kozmetik ak bòs konstriksyon pou redwi baryè finansyè yo.

Kòman politik rekòmande sa yo te ka ede eta Florid la ?

  • Ankouraje reyabilitasyon ak sekirite piblik : Amelyore aksè pou moun ki pral sòti nan prizon pou yo jwenn epi kenbe yon bon djòb, sa t ap ankouraje yon reyabilitasyon konpreyansif epi bonjan sekirite piblik.
  • Kreye avantaj fiskal : Gen rechèch ki fèt ki montre ke si yon moun gen aksè imedya ak opòtinite pou l travay, sa se yon eleman esansyèl nan re-entegrasyon moun k ap sòti nan prizon onivo kominote pa yo, pou anpeche yo fè lòt krim ki te ka antrenen yon lòt arestasyon ankò.[10] Moun ki gen anplwa nan moman yo sòti nan prizon an gen mwens chans pou yo fè nouvo krim, epi a t ap ede redwi to kriminalite a, redwi to admisyon nouvo moun nan prizon yo, epi ekònomize lajan taks popilasyon an. Pandan ane fiskal 2017-2018 la, kantite moun ki te nan prizon nan eta Florid la sete 96,253 epi sa te koute anviwon $22,000 pou chak prizyonè.[11] 

 

Notes

[1] Dick M. Carpenter II, et. al, License to Work: A National Study of Burdens from Occupational Licensing, 2nd Ed. (Lisans pou travay : Yon etid nasyonal de chay ki asosye ak obtansyon lisans pwofesyonèl, 2yèm edisyon), Institute for Justice, at pp. 62-63 (Nov. 2017), https://ij.org/wp- content/themes/ijorg/images/ltw2/License_to_Work_2nd_Edition.pdf.

[2] Vittorio Nastasi, Samuel R Staley, Bridging the Divide: Licensing and Recidivism, James Madison Institute, at p. 2 (Konble vid la : Obtansyon lisans ak residivis, James Madison Institute, paj 2 )  https://www.jamesmadison.org/wp-content/uploads/2019/04/PolicyBrief_LicensingRecidivism_v02.pdf.

[3] Ibid

[4] Doug Hamilton and Susan K. Urahn, Collateral Cost: Incarceration’s Effect on Economic Mobility (Efè anprizònman sou mobilite ekònomik), Pew Charitable Trusts,    p. 4, https://www.pewtrusts.org/-/media/legacy/uploadedfiles/pcs_assets/2010/collateralcosts1pdf.pdf.

[5] Division of Insurance Agent and Agency Services, Applicants with Criminal Histories (Divizyon sèvis ajan ak ajans asirans, Kandida ki gen antesedan kriminèl),   https://myfloridacfo.com/Division/Agents/Licensure/General/PriorCrimHist.htm.

[6] Larry Craddock, “Good Moral Character” as a Licensing Standard, Journal of the National Association of Administrative Law Judiciary, (“Bon karaktè moral” antanke yon estanda pou bay lisans, Jounal asosyasyon nasyonal jidisyè dwa administratif), http://digitalcommons.pepperdine.edu/cgi/viewcontent.cgi?article=1117&context=naalj.

[7] Florida Senate (Sena Florid la) https://www.flsenate.gov/Session/Bill/2019/7125.

[8] Christopher Uggen, Ryan Larson, & Sarah Shannon, “6 Million Lost Voters: State-Level Estimates of Felony Disenfranchisement,”(6 milyon elektè ki pèdi : estimasyon eksklizyon ansyen kriminèl onvio leta yo), 2016, The Sentencing Project (2016), https://www.sentencingproject.org/wp- content/uploads/2016/10/6-Million-Lost-Voters.pdf.

[9] Doug Hamilton and Susan K. Urahn, “Collateral Cost: Incarceration’s Effect on Economic Mobility” (Kou kolateral : Efè anprizònman sou mobilite ekònomik), Pew Charitable Trusts at p. 4 https://www.pewtrusts.org/-/media/legacy/uploadedfiles/pcs_assets/2010/collateralcosts1pdf.pdf.

[10] Nastasi, Staley

[11] Florida Department of Corrections, 2017-2018 Annual Report (Depatman Koreksyon Florid la, Rapò anyèl 2017-2018), at p. 8,  http://www.dc.state.fl.us/pub/annual/1718/FDC_AR2017-18.pdf.

Heading

This is some text inside of a div block.
Subscribe
This is some text inside of a div block.