Nov 3, 2022

Kriz Lojman Abòdab nan Florid

Heading

Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link
Text Link

Nan dènye ane yo, Florid te vin youn nan kote ki mwens abòdab pou viv nan peyi a, sa ki fè lojman abòdab vin youn nan pi gwo pwoblèm ki afekte abitan Florid yo. Enkapasite pou fè fas ak ogmantasyon pri lojman yo, fanmi k ap travay nan Florid yo, kominote moun nwa yo, granmoun aje yo, ak moun ki andikape yo ap fè fas ak gwo kriz lojman sa a. 

Istorikman, klima favorab nan Florid ak anviwònman sibtwopikal li genyen te atire moun ki soti toupatou. Alòske repitasyon eta a kòm yon espas ki sou kot bò lanmè e ki trankil te lakoz li tounnen yon destinasyon retrèt popilè pou granmoun aje yo, Florid te jwenn tou yon foul jèn pwofesyonèl ki gen gwo salè ki soti nan eta tankou New York, kote pri mwayen lojman yo prèske doub pri lojman Florid yo.

Lefètke gen anpil travay a distans akoz pandemi COVID-19 la, sa te akselere tandans sa a epi li te lakòz yon migrasyon mendèv ki te mete plis presyon sou mache lojman eta a ki deja sere. Alòske moun ki soti nan eta tankou New York oswa Carlifornie - de eta ki gen revni mwayèn ki pi wo nan peyi a - ka twouve Florid pi abòdab, abitan nòmal Florid yo resevwa an mwayèn yon salè ki pi ba. Pou rezon sa a, lokatè nan Florid istorikman te toujou bezwen peye plis pase nenpòt lòt eta nan nasyon an.

Ki jan sa te fè rive? Nan dezan sèlman, pri lwaye mwayen yo te ogmante pou plis pase 30 pousan nan tout eta a, soti nan anviwon $1,340 an Fevriye 2020 pou pase nan apeprè $1,760 an Fevriye 2022. Pou peye lokasyon yon kay modès ki gen yon chanm pou yon lwaye ekitab, yon moun ki touche $10 pou 1 èdtan (salè minimòm eta a pou pi fò nan ane 2022 a) t ap bezwen travay 86 èdtan pa semèn. Kidonk, sa pa dwe fè nou sezi lè nou wè plis pase 2.1 milyon fanmi nan Eta Florid ki gen ti revni depanse plis pase 30 pousan nan revni yo nan lojman. Pandan ekipman natirèl ak kiltirèl Florid yo kontinye ede eta a rete atiran, pri lojman an ki vrèman wo fè li san lè pa atire moun ankò e se yon menas pou pwosperite ekonomik eta a.

Fanmi ki chaje ak difikilte ekonomik e ki gen lojman ki pa abòdab yo gen pou fè yon seri chwa enposib sou fason yo depanse ti revni yo genyen an pou peye depans esansyèl pou yo viv.

Lefètke yo rekonèt gravite pwoblèm sa a, ak bonjan sipò e akò Fondasyon Charles & Margery Barancik, Florida Policy Institute (FPI) ap elaji chan travay li pou l ajoute ladan l lojman abòdab ak politik devlopman kominotè. Òganizasyon an pral plonje nan entèseksyon politik eta yo, lokal, ak federal ki gen enpak sou lojman ak lòt sèvis yo, tout pandan yo krete konsantre an patikilye sou twa konte Sidwès Florid (DeSoto, Manatee, ak Sarasota) kòm etid ka pou enfòme pi bon pratik ak règleman ki kapab adapte nan kominote yo atravè Florid. Objektif FPI se devlope desizyon politik inovatè e jis, ki anrasinen nan patenarya ak defansè kominote lokal yo, sa ki pral diminye inegalite epi ede gouvènman lokal yo ak gouvènman eta yo satisfè bezwen kritik pou lojman abòdab nan Florid. Apre dega Siklòn Ian te koze, travay sa vrèman vini nan bon moman, espesyalman pou Sidwès Florid.

Fanmi ki chaje ak difikilte ekonomik e ki gen lojman ki pa abòdab yo gen pou fè yon seri chwa enposib sou fason yo depanse ti revni yo genyen an pou peye depans esansyèl pou yo viv. Sa anpeche mobilite fanmi ki gen revni ki ba ak mwayen yo epi li pouse moun yo sakrifye depans pou bagay ki enpòtan pou sante yo, tankou manje oswa medikaman. Se poutèt sa aksè ak lojman an sekirite e abòdab fondamantal pou sante fizik ak mantal alontèm abitan Florid yo, nivo edikasyon yo, ak estabilite ekonomik yo. Pou konstwi epi soutni yon avni kote chak moun nan eta solèy la gen yon opòtinite pou yo pwospere, moun ki fè politik yo dwe konfwonte pwoblèm lojman ki pa abòdab la pandan y ap sonje jan se yon pwoblèm ki serye e ki ijan. Anplis, kòm youn nan eta ki nan mitan yon kriz lojman nan tout peyi a, Florid gen yon opòtinite pou sèvi kòm yon modèl pou rès peyi a.

Heading

This is some text inside of a div block.
Subscribe
This is some text inside of a div block.